Sayanns

Pou vwayajé toujou plis adan sa ki ka fè Nou

An kreyòl, Endy Saint Jean

Endy 

 

An kreyòl ! (× 2)

 

Si lekòl te fèt an kreyòl

Nou t ap fò

Si devwa n, leson n t an kreyòl

Nou t ap fò

 

Si nou te konn resite an kreyòl

Konpoze an kreyòl

Liv nou yo t an kreyòl

Nou t ap fò
(× 2)

 

Pouki lang nou plis pale a

Se pa li yo anseye a

Mo n pa menm ka repete a

Li y ap fòse n etidye a

 

Lang depi n piti n pale a

Lekòl , li yo plis maltrete a

Lang ki te ban n libète a

Se li yo pa rèspèkte a

 

Leson yo nou pa konprann

Yo djòs fè n boure l nan tèt

Resitasyon nou pa konnen l

Yo pran nou ak kou t fwèt

 

Pou elèv ki metrize fransè

Se vre, ou ka jwenn kèk

Depi w tande dikte nan klas

Tout elèv sispèk
 

Pou ekzamen, se fransè n ka wè

Ki fè n pran plis echèk

Malgrè dèfwa pou n al lekòl

Paran n oblije fè kèt

 

Pandan y ap debarase lang yo

De mo laten ak grèk

Nou menm n ap meprize pa nou an

Pou n fè pa yo a mèt

 

Si lekòl te fèt an kreyòl

Nou t ap fò

Si devwa n, leson n t an kreyòl

Nou t ap fò

 

Si nou te konn resite an kreyòl

Konpoze an kreyòl

Liv nou yo te an kreyòl

Nou t ap fò
(× 2)

 

 

Depi nan setyèm ane

Yo pa fòme n pou n rete

Swivan edikasyon n

Nan lòt peyi nou dwe ale

 

Fransè toujou sou plis pwen

Nan tout èkzamen n pase

Rive nan twazyèm

Afè kreyòl la li kanpe

 

Pou n al pi lwen menm nan

Biwo leta oubyen prive

Si w pa kale je w

Ou ka panse se an Frans ou rive

 

Depi w antre w ap wè

Se fransè ki sèl kòk chante

Poutan yo fè m konnen

Se 2 lang nou pale

 

Yo fè fransè tounen lang salon

Kreyòl lang mache

Tout liv nou an fransè

Literati n pa epanye
 

Nèg ki fè n soufri

Menm literati yo n etidye

Se pa fò n pa fò

Men fransè fè n manke eklate

 

M pa di nou pa pale l

Men bay kreyòl priyorite

Kreyòl lakay li

Fransè pa kap danse sou 2 pye

 

Seremoni Bwa Kayiman

Kreyòl tout Nèg pale

Poutan nan lekòl nou yo

Kreyòl, yo pa vle n pale

 

Kreyòl la se lang pa nou

Se li nou pi meprize

Poukisa nan lekòl nou yo

Se li yo pa vle n pale ?

 

Si lekòl te fèt an kreyòl

E !

Si devwa n, leson n t an kreyòl

E !
 

Si n te konn resite an kreyòl

Konpoze an kreyòl

Liv nou yo t an kreyòl

Nou t ap fò
 

Si lekòl te fèt an kreyòl

Nou t ap fò

Si devwa n, leson n t an kreyòl

Nou t ap fò

 

Si nou te konn resite an kreyòl

Konpoze an kreyòl

Liv nou yo t an kreyòl

Nou t ap fò

 

 

Pou kou n yo an kreyòl

Nou vle peyi a an kreyòl

 

E !

 

An kréyòl ! (× 5)

 

A / C : Endy Saint Jean

Laisser un commentaire

Ce site utilise Akismet pour réduire les indésirables. En savoir plus sur comment les données de vos commentaires sont utilisées.